Responsab konpayi Telefòn TELECO nan Pòtoprens sot rankontre avek ajans Federal Ameriken pou jesyon dezas FEMA, Komisyon Federal Kominikasyon, FCC ak Ajans Ameriken pou Developman Entènasyonal, USAID, sou yon plan dijans pou repare rezo kominikasyon an nan peyi a. Direktè TELECO a, Michel Presume, di Lavwadlamerik, teknisyen Ayisyen yo ap travay antretan pou bay lapolis, lopital ak sèvis dijans yo sèvis nan jou kap vini yo.
Klike sou ralonj ki anlè e adwat paj web la pou koute entèvyou direktè TELECO te bay Lavwadlamerik