Accessibility links

Breaking News

Plan Palmantè Ameriken Pou Ede Ayiti


Nan moman travaye sekou entènasyonal-yo ap pote konkou-yo aprè gwo tranbleman de té 12 janvye pase-a nan peyi d’Ayiti, palmantè Etazuni-yo ap chache mwayen pou yo ka bay nasyon Karayibeyen sa-a sekou a lon tèm.

Komisyon relasyon etranjè sena ameriken-an te fè yon rankont sou Ayiti yè jedi-a nan Washington.

Senatè Republiken Richard Lugar te siyale yon nouvo sondaj Jounal Miami Herald te reyalize avek patisipasyon 400 ayisyen ameriken.

Sondaj sa-a montre yon majorite klè Ayisyen Ameriken ki pédi lafwa nan posiblite gouvenman ayisyen-an pou-l rebati peyi-a.

“63 pou san pa apwouve fason gouvenman ayisyen te reponn apré dezas-la. Mekontantman sa-a si profon ke yon majorite Ayisyen Ameriken apiye le fèt ke Nasyonzuni ak komunote entènasyonal-la pran direksyon operasyon chak jou-yo an’Ayiti, omwen jiskaske peyi-a reprann-ni aprè katastròf-la ».

Sondaj-la endike 2 tyè nan ayisyen ameriken-yo ta vle retounen an’Ayiti pou yon ti tan ; pou yo ka ede avek efo rekonstruksyon-an. Pandan yo pa satisfè ak repons gouvenman ayisyen-an, 96 pou san di yo apwouve repons gouvenman ameriken-an e 88 pou san apwouve repons Nasyonzuni-an.

Gen kèk ayisyen ki kritike Prezidan Rene Preval poutèt li pat vizib ni tou li pat komunike pi byen avek pèp-la depi dezas-la. Doktè Rony Francois, pwochen direktè sante Publik Eta Georgi Ozetazuni pataje opinyon sa-a.

Mwen ka sètenman konprann o koumansman nenpott lider te ka paralize.

Men nan pwen-d-vu pa mwen, ankò se nan moman kriz ke bon lider moutre kiles yo ye.

Dr. Francois ak lot manb komite-a te ensiste sou gwoser destruksyon sa-a an’Ayiti avek tout bilding gouvenman-an nan kapital ayisyèn-nan ki kraze. Paul Farmer asistan anvwaye espesyal Nasyonzuni pou Ayiti-a di eseye imajine mènm dezas-la ta pase nan Washington.

Ki jan sa tap sanblé, pou-w gade nan alantou-ou epi pou-w wè tout bilding federal-yo kraze ?

La mezon Blanch, Bilding Dirksen-nan, yo tout. E se sa tout bon vre nou wè an’Ayiti.

Manb komite-yo ak plizyè temwen te dakò ke Nasyonzunini dwe dirije efò pou rebati Ayiti. James Dobbins yon analis sekirite ki nan Kowoperasyon « Rand » di Ayiti pral bezwen prezans sekirite entènasyonal pou kèk tan. Li ajoute kontrèman a sa kèk lapress rapote, vas majorite ayisyen-yo se moun pèzib.

Yon moun ka selman gade avek ki pasyans moun yo nan Potoprens tann sekou-a nan 2 semèn ki pase-yo pou-w rekonèt esansylman karaktè pasik moun-yo. Ayiti pa Somali, li pa Irak oubyen Afghanistan.

Prezidan komite –a, senatè demokrat John Kerry di gwo trajedi sa-a an’Ayiti bay yon opotunite pou rebati peyi-a nan yon fason ki ka kenbe e gen yon vrè chans pou Ayisyen-yo re-imajine peyi-yo pandan ke yap rebati-l.

XS
SM
MD
LG