Accessibility links

Breaking News

Etazuni: Vòl Avyon pou Transpòte Viktim Tranbleman'd tè ap Rekomanse


Lame amerikèn fè konnen vòl avyon ki pral pran moun ki viktim tranbleman'd tè yo an Ayiti pou mennen yo Ozetazuni, pral rekòmanse jodi Lendi a. Yo te suspann vòl avyon medikal sa yo semèn pase-a akoz kesyon ki tap poze Ozetazuni pou mande ki kote blese-yo pral jwenn swen ak tretman sou tèritwa Ameriken-an e kilès ki pral peye pou sa.

Pòtpawol Mezon Blanch-la, Tommy Vietor, pale Dimanch pou l di gouvènman Obama-a fè parèt yon deklarasyon kote'l di li gen yon su e sèten ke Lèzetazuni ak patnè entènasyonal-li-yo posede kapasite medikal pou trete Ayisyen ki viktim-yo.

Menm yè Dimanch-la, sekouris-yo ann Ayiti te fè aranjman ki nesesè pou 3 ti Aysiyen ki blese gravman -- te pran yon avyon prive depi Potoprens pou yo te vini nan yon lopital pou timoun nan vil Philadelphi, Ozetazuni.

XS
SM
MD
LG