Ayiti gen 204 an depi li pranendependans li nan men Lafrans. Jou premye janvye 1804 la, Jean-Jacques Dessalines te di, nan Deklarasyon Endepandans Ayiti a: « Lapè pou vwazen nou yo! men kanta pou nom Fransè a, madichon pou li ! Lafrans se yon peyi nap rayi pou lavi ! Men kri ki soti nan zantray nou.”
Dat 1e janvye sa a, se yon dat ayisyen yo selebre chak ane depi 1804 pou yo onore tout moun ki te pèdi lavi yo nan batay sa a. Men jou maten 27 Janvye 2010 la, se yon men Fransè kite sove yon jèn fi 16 an ki te kole anba debri lakay li. Jou sa a te fè 15 jou depi te gen yon tranbleman de tè ki te devaste peyi d Ayiti. Soukous la te pase nan aprèmidi 12 Janvye, 2010 la.
Sa gen 204 an, zansèt pèp ayisyen an tap kriye “Haine éternelle à la France !” pou tout tribilasyon yo t’ap pase anba esklavaj. Men nouvo syèk sa a pote yon lòt rèl, yon lòt kri,pou tout Ayisyen : “Paix à La France !” Menmsi jou endependans la rapele pèp ayisyen an jou zansèt yo te soti anba lesklavaj Lafrans, evènman 12 Janvye 2010 yo vin, pou yon lòt fwa, reyini pèp ayisyen an ak peyi Lafrans.
Evènman sa a komemore yon chanjman nan istwa d Ayiti, e se premye fwa depi batay endependans la ke Ayisyen vin kòt a kòt ak Fransè, men fwa sa, se pa youn k’ap touye lòt men se youn k’ap ede lòt. Lang franse a te pèmèt zansèt Ayisyen yo ekri “L’union fait la Force”, e jounen jodi a, ansanm ak pèp Ayisyen an, Lafrans vin fòme yon inyon pou yo gen plis fòs pou ede Ayiti.