Accessibility links

Breaking News

Putin Selebre 'Viktwa Lavalas' Li Ranpòte nan Eleksyon Prezidansyèl Larisi


Prezidan Ris Vladimir Putin paret sou ekran televizyon yo sou Plas Wouj Moskou a pou selebre viktwa elektoral li, 18 Mas, 2024.
Prezidan Ris Vladimir Putin paret sou ekran televizyon yo sou Plas Wouj Moskou a pou selebre viktwa elektoral li, 18 Mas, 2024.

Prezidan Rus la Vladimir Putin rankontre kandida pati politik ki zanmi Kremlen an apre rezilta preliminè eleksyon ki sot dewoule nan peyi a endike li ranpòte yon "viktwa lavalas".

"Mwen ta renmen remèsye tout moun paske kanpay elektoral la te dewoule yon fason sivilize epi ann akò ak lwa Larisi. E mwen espere nou pral gen yon apwòch konstriktiv nan palman an ak nan Konsèy Federasyon an tou kote reprezantan rejyon Ris yo ap travay. Nap jwenn mwayen pou mentni l nan lavni pou atenn objektif devlopman mwen deja mansyone yo."

Nikolai Kharitonov ki se manm Pati Kominis la, Leonid Slutsky ki se manm pati Nasyonalis Liberal Demokratik la epi Vladislav Davankov, ki se manm Nouvo Pati Pèp la se 3 pati ki resevwa nominasyon pou reprezantasyon nan Palman an.

Yo pral jwe wòl an aparans rival politik Putin.

An reyalite yo tout te apiye majorite politik Kremlen an - antrot operasyon militè Larisi ap mennen nan Ikrèn nan.

Chak kandida te pran la pawòl pandan rankont la epi felisite Putin pou viktwa elektoral li.

Putin pat vreman fè fas ak okenn konpetisyon nan eleksyon an apre li te entèdi 2 kandida opozisyon yo patisipe nan kous elektoral la.

XS
SM
MD
LG