Accessibility links

Breaking News

Putin avèti ke si Loksidan Voye Twoup nan Ikrèn sa Riske Debouche sou Lagè Nikleyè Mondyal

In this pool photograph distributed by Russian state agency Sputnik, Russia's President Vladimir Putin delivers his annual state of the nation address at the Gostiny Dvor conference centre in central Moscow on February 29, 2024. (Photo by Sergey GUNEYEV /

MOSCOU (AP) — Prezidan Ris Vladimir Putin sèmante pou l akonpli objektif Moskou yo nan Ikrèn epi li avèti Lwès la ke si li ta anvi antre fon nan batay yo nan Ikrèn, sa ka debouche sou yon konfli nikleyè mondyal.

Avètisman Putin nan vini nan yon diskou sou eta nasyon an, anvan eleksyon prezidansyèl yo ki pwal dewoule lòt mwa.

Sanble Putin pale konsa akoz yon deklarasyon ke Prezidan fransè Emmanuel Macron te fè nan kòmansman semèn sa kote li te di ke loksidan paka elimine lide pou deplwaye solda li nan Ikrèn nan lavni. Putin bò kote pal di sa ka deklannche yon repons LaRisi ki ka vini ak konsekans “trajik” yon konfli nikleyè “ki vle di destriksyon sivilizasyon nou an”.

Putin te fè diskou sa devan plizyè palmantè ak otorite nan gouvènman an.

XS
SM
MD
LG