Accessibility links

Breaking News

Etazini: Palmantè Repibliken yo ap Pouse Pou Pi Devan nan efò pou Entèdi TikTok nan Peyi a Malgre Trump Kont Lide Sila


Election 2024 Trump TikTok
Election 2024 Trump TikTok

NEW YORK (AP) — Repibliken yo nan Chanm Depite Etazini an ap vanse ak yon pwojè lwa ki ta mande konpayi chinwa ByteDance vann TikTok oswa fè fas a yon entèdiksyon aplikasyon an ozetazini menm lè ansyen Prezidan Donald Trump ap eksprime opozisyon kont efò sa a.

Lidè yo nan Chanm Depite a te planifye yon vòt sou mezi sila Mèkredi 13 Mas 2024 la.

Yon vòt sou pwojè lwa a se ta premye fwa Repibliken yo nan Chanm nan ta aji an dezakò ak ansyen prezidan an,

men lidè Chanm nan Mike Johnson ak lòt palmantè te deja eksprime yo ak fòs an favè pwojè lwa sila a.

Depite Michael McCaul, ki se prezidan Komisyon Afè Etranjè nan Chanm nan, di li toujou gen konfyans ke pwojè lwa a "ap fè chimen li" nan lachanm.

XS
SM
MD
LG