Accessibility links

Breaking News

Mank Finansman Lakoz LONU ap Redui Pwogram Alimantè li pou Ayiti


Yon tibebe ki malnouri ap resevwa tretman nan sant Gheskio a nan Potoprens, 14, Jiye, 2023.
Yon tibebe ki malnouri ap resevwa tretman nan sant Gheskio a nan Potoprens, 14, Jiye, 2023.

Pwogram Alimantasyon Mondyal Nasyonzini an fè konnen lap fè fas ak yon mank finansman kidonk li pap kapab ede 100,000 Ayisyen mwa sa a ki bezwen asistans dijans.

PAM ap redui de 25% operasyon li an Ayiti nan moman 4,9 milyon Ayisyen - prèske mwatye popilasyon an bezwen asistans pou jwenn manje.

PAM deklare Lendi ke plan repons li pou Ayiti finanse a 16% sèlman e ke li pap kapab distribye manje bay 750,000 Ayisyen si li pa jwenn $120 milyon li bezwen pou opere jiska fen ane 2023 a.

Kantite Ayisyen k ap fè fas ak ensekirite alimantè tèlman wo, Ayiti sitye an dezyèm pozisyon kounyea sou lis peyi kote pwoblèm grangou a pi grav.

XS
SM
MD
LG