Accessibility links

Breaking News

Kriz Alimante Ayiti Riske Vinn Katastwofik


Ayiti Riske yon Sityasyon Sekirite Alimante Katastrofik
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:27 0:00

Ayiti Riske yon Sityasyon Sekirite Alimante Katastrofik

Pwogram Mondyal Alimantasyon lanse apel bay donate entenasyonal yo pou mande yo ede pep Ayisyen an evite mouri grangou.


Ajans Nasyonzini an di preske mwatye popilasyon an ap fe fas ak ensekirite alimante grav, e ke gen plis moun kap souvri ak malnitrisyon nan moman zak vyolans yo ak pwoblem ekonomik peyi a vinn pi grav.

PAM di nivo grangou a an Ayiti - kote preske 5 milyon moun ap fe fas ak ensekirite alimante - savledi yon Ayisyen sou chak 2 moun - se yon sityasyon pi grav pase sa ki egziste nan peyi tankou Somali ak Afghanistan.

Jean-Martin Bauer, se Direkte PAM an Ayiti.


"Chif nou anrejistre pou Ayiti erib. An jeneral, LONU bezwen 720 milyon dola pou finanse plan repons imanite li pou 2023. Nou gen 20% lajan an selman. Pwogram Alimantasyon Mondyal la poukont pa li bezwen 122 milyon dola pou aktivite li pandan 6 mwa kap vini yo. Si nou pa jwenn plis lajan, distribisyon nou yo pral sispann nan kek semen. Si nou pa resevwa pls lajan, 200,00 timoun lekol pap resevwa manje apati mwad Septanm nan le lekol reprann. Donk fok nou aji kounyea. Ayiti pa riske tounen yon kriz moun bliye, Li SE yon kriz moun bliye."


Nan katye pi defavorize Potoprens yo - ki se episant zak vyolans yo an Ayiti - popilasyon an ap viv anba kontwol gang ame yo, kap goumen pou pran kontwol plis teritwa. Sa lakoz akse yo ak manje ak dlo epi sevis sanite vin limite anpil.

Gen plis sitwayen Ayisyen ki mouri anba zak vyolans an Ayiti, pase kantite moun kite mouri nan Ikren pandan premye 4 mwa ane 2023, dapre Jean-Martin Bauer. Sepandan, li souliyen Ayiti resevwa bokou mwens atansyon ak asistans finansye pase Ikren.

Aktivite gang yo nan zon riral yo kote kiltivate yo ap soufri anba kidnaping lakoz yo limite deplasman yo pou yal nan mache - ki afekte ensekirite alimante a tou.

Site Soley se youn nan zon peyi a kote sityasyon grangou a katastwofik epi ane 2022.

Gras ak asistans PAM, sityasyon an amelyore men ajans Nasyonzuni an di san plis asistans, yap oblije kanpe sipo imanite yap bay e sa takapab debouche sou yon sityasyon katastwofik.

"Vyolans la afekte mache yo, li afekte komes, li afekte pwodiksyon manje, e sa kreye yon kriz alimante an Ayiti ki afekte mwatye popilasyon an. E nou pa we kijan nou pral soti nan kriz sa a."

XS
SM
MD
LG