Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Apeprè 12 Prizonye Pou Pi Piti Mouri Grangou Oswa Akòz Mank Medikaman


HAITI-PRISON-RIGHTS
HAITI-PRISON-RIGHTS

Dapre ajans nouvèl Reuters prizonye sa yo mouri pandan mwa septanm nan

Ann Ayiti, omwen 12 prizonye pèdi lavi yo oubyen paske yo pa jwenn manje oubyen yo pa jwenn medikaman pandan mwa septanm nan k ap fini an . Se deklarasyon yon responsab ayisyen fè jedi 29 septanm nan kote li ajoute chif sa a ka ogmante akoz blokis gang yo ki pwovoke yon kriz gaz ki paralize aktivite yo.

Renan Hedouville, Chèf biwo Pwoteksyon sivil nan peyi Dayiti deklare, prizonye yo mouri ak grangou, e nan kèk ka akoz maladi ki te ka evite tankou tibèkiloz, e tou, akoz eta prizon yo k ap vin chak jou pi mal.

« Prizonye yo, moun ki an detansyon yo , moun ki pa gen libète yo, ekspoze ak tretman kriyèl, inimen e degradan », pawòl mesye Hedouville ki sanble t ap ranpli yon wòl medyatè nan yon konvèsasyon nan telefòn.

Pwotektè sitwayen an presize ankò, « Lè yon moun nan prizon, sekirite moun sa a ki nan prizon an, nan men Leta ayisyen ».

"Konsèy Sekirite Nasyonzini an , nan yon rapò ki parèt nan mwa jen an di, 54 moun ki mouri nan prizon ann Ayiti yo gen pou wè ak malnitrisyon pandan obsèvasyon yo fè ant janvye ak avril, e anpil ladan yo se akoz yo pa manje ase .

Biwo Pwoteksyon Sitwayen an ak lòt gwoup dwazimen ann Ayiti pat kapab detèmine si gen plis moun ki mouri pandan 2 dènye semèn yo akoz blokis gang yo ki rann sikilasyon an enposib nan peyi a, dapre mèt Hedouville.

Sa rann ni tou plis konplike pou alimantasyon prizonye yo paske manm fanmi yo, ki an jeneral pote manje pou yo , pa ka rive nan prizon yo

Dapre mesye Hedouville, fanmiy moun ki mouri yo ta dwe òganize yo pou trennen Leta devan tribinal pou neglijans.

Konnye a, gang yo kontwole yon bon pati nan teritwa peyi a , yo menm pafwa goumen e san koule pou kontwol teritwa--- sa ki lakoz plizyè santèn moun mouri e fòse plizyè milye lòt kouri kite kay yo.

Plizyè depite ameriken deklare jedi 29 septanm nan, Lèzetazini ta dwe anvizaje pran sanksyon kont chèf gang yo ak moun ka finanse yo .

XS
SM
MD
LG