Accessibility links

Breaking News

Etazini Demanti Bwi Kap Kouri an Ayiti pou di Machin Anbasad la Te Fè Gaz nan Varreux


Foto Achiv: Katye Jeneral Depatman D'Eta Ameriken an nan Washington.
Foto Achiv: Katye Jeneral Depatman D'Eta Ameriken an nan Washington.

Yon pòt pawòl Depatman d Eta demanti bwi kap kouri pou di kòm kwa machin Anbasad Amerikèn nan Pòtoprens t'al fè gaz nan Terminal Varreux a pandan rate gaz ki soulve anpil kòle toupatou nan peyi a.

"Rimè sa yo fo" pòt pawòl la di VOA Kreyòl.

Pandan repòtaj nou sou manifestasyon kont rate gaz la ak pou mande Premye Minis Ariel Henry bay demisyon ni, yon manifestan te mansyone rimè sa a:

"Enfraksyon Anbasad Amerikèn komèt yè swa a. Lap fe moun pase l nan k* k*, yè swa li desann al fè gaz ak tout ekip li. Tout ofisyèl li. Men noumenm nou se malere. Nou se dè jèn. De jèn pwofesyonèl. Yo menm yo ka desann al fè gaz, noumenm gaz ap plen bounda nou. Nou panse Anbasad Amerikèn, jenès Ayisyèn nan di li bouke. Sispan manipile nou, mèsi bokou."

Manifestan nan kapital la, Okap, Okay, Gonayiv ak plizyè lòt vil Ayisyèn pran lari pou manifeste kont rate kabiran an kap rann lavi yo difisil depi plizyè mwa.

Nan yon diskou nasyonal Premye Minis Ariel Henry te pwononse pi bonè mwa sa a, li te anonse pri gaz la tapral ogmante, e ke gouvènman li an tapral mete gaz a la dispozisyon popilasyon an san pèdi tan.

XS
SM
MD
LG