Accessibility links

Breaking News

LONU Nomen Cindy McCain Direktris Pwogram Alimantasyon Mondyal la


Foto Achiv: Cindy McCain, anbasade Etazini nan ajans LONU yo nan vil Wom, Itali.
Foto Achiv: Cindy McCain, anbasade Etazini nan ajans LONU yo nan vil Wom, Itali.

Sekretè Jeneral Nasyonzini, Antonio Guterres anonse Jedi ke Cindy McCain, vèf ansyen senatè Ameriken John McCain pral dirije Pwogram Alimantasyon Mondyal la.

McCain ap travay aktyèlman kòm anbasadris Etazini nan ajans Nasyonzini pou alimantasyon ak agrikilti. Li pral ranplase David Beasley, yon ansyen gouvènè Repibliken eta Kawolin di Sid, kap bay demisyon ni apre 6 zan nan pòs sa a.

Guterres anonse nominasyon McCain nan ansanm ak direktè Oganizasyon Nasyonzini pou Alimantasyon ak Agrikilti Qu Dongyu, yon ansyen vis minis agrikilti ak zafè riral peyi Lachin.

Prezidan Joe Biden te nomen McCain direktris PAM, ki se yon pòs ke Ameriken toujou dirije nan selon listwa. Madan McCain te apiye Biden lè li tap mennen kanpay kont ansyen Prezidan Donald Trump pandan eleksyon 2020 an.

Etazini kontribye plis lajan pase tout lòt peyi nan PAM - swa plis pase $7 milya an 2022.

XS
SM
MD
LG