Accessibility links

Breaking News

CARICOM Nomen Gwoup Moun ki Pral Reprezante li Devan Gouvènman ak Pati Prenant Ayiti yo


Foto Achiv: Rankont CARICOM.
Foto Achiv: Rankont CARICOM.

Chèf Gouvènman CARICOM yo nomen yon gwoup Pèsonalite Eminant (EPG) pou reprezante yo nan rankont ak Gouvènman Ayiti ak Pati Prenant Ayisyen yo.

Nan gwoup sa a gen ansyen Premye Minis Bahamas, Perry Christie, Ansyen Premye Minis Jamayiken Bruce Golding, epi Ansyen Premye Minis Sent Lusi Kenny D. Anthony.

Dapre kominike CARICOM pibliye sou sit li, gwoup la pral "inisye epi jere" sipò Bon Biwo Kominote Karayibeyèn nan nan domèn yo priyorize. Pami domèn sa a gen pwosesis elektoral la, planifikasyon pou devlopman a lon tèm epi pledwaye.

Yo va sèvi kòm lyezon tou ak "patnè ak ajans entènasyonal kle."

CARICOM di yon Ekip Teknik ki gen ladann ekspè ki soti nan peyi manm CARICOM yo, Sekretarya CARICOM nan ak ajans espesyalize rejyonal yo ba bay gwoup la sipò ki nesesè.

XS
SM
MD
LG