Accessibility links

Breaking News

PM La Grenad: 'Nou Pap Voye Twoup' an Ayiti


Premye Minis La Grenad, Dickon Mitchell nan rankont o some lide CARICOM yo nan Nassau, Bahamas, Vandredi 17 Fevriye, 2023.
Premye Minis La Grenad, Dickon Mitchell nan rankont o some lide CARICOM yo nan Nassau, Bahamas, Vandredi 17 Fevriye, 2023.

Premye Minis La Grenad, Dickon Mitchell di VOA Kreyol Vandredi "nou pap voye twoup" Ayiti. Mitchell pale ak nou nan Nassau, Bahamas kote li tap asiste rankont lidè CARICOM yo.

Vandredi se denye jounen rankont la, ki te rasanble lide 15 peyi manm Kominote Karayibeyen an, pami yo Ayiti. Envite d onè a ane sa a sete Premye Minis Kanadyen an, Justin Trudeau, ki anonse nouvo sanksyon kont 2 politisyen Ayisyen epi yon seri asistans, pami yo 2 bato Fos Naval Wayal Kanadyen an epi machin blende ak taktik.

Premye Minis Sen Vensan ak Grenadin yo, Ralph E. Gonsalves, pale ak VOA Kreyol pandan rankont CARICOM nan nan Nassau, Bahamas, 17 Fevriye 2023.
Premye Minis Sen Vensan ak Grenadin yo, Ralph E. Gonsalves, pale ak VOA Kreyol pandan rankont CARICOM nan nan Nassau, Bahamas, 17 Fevriye 2023.

Ralph E. Gonsalves, Premye Minis Sen Vensan ak Grenadin yo di VOA: "nou fè pwogrè." Li ajoute yap prepare yon deklarasyon presizeman sou Ayiti ke yo pral pibliye nan fen rankont la.

Gonsalves di: "Kanada ak CARICOM travay ansanm sou pwochen etap nou ta dwe franchi, pami yo kijan pou ranfose lapolis Ayiti ak konbat ensekirite a epi ogmante manm gwoup konsiltan an pou gen plis aktè konsène ladann, pa egzanp gwoup ki te siyen ako 21 Desanm nan."

Li ajoute yo espere sa pral ede jwen yon solisyon epi retabli sekirite an Ayiti.

Premye Minis Sen Vensan ak Grenadin yo, Dr. Terrance Drew pale ak VOA Kreyol nan Nassau, Bahamas, kote rankont lide CARICOM yo ap dewoule, 17 Fevriye, 2023.
Premye Minis Sen Vensan ak Grenadin yo, Dr. Terrance Drew pale ak VOA Kreyol nan Nassau, Bahamas, kote rankont lide CARICOM yo ap dewoule, 17 Fevriye, 2023.

Premye Minis Sen Kitts ak Nevis la, Dr. Terrance Drew di VOA li kontan ak pwogrè ki fèt tou.

Drew di: "Nou akonpli bon jan travay. Nap avanse, donk byen antandu mwen kontan a mo ke nou akonpli anpil bagay nan yon ti espas tan."

Pa rapo ak deklarasyon CARICOM pral pibliye sou Ayiti, Minis Drew di "li montre nap avanse nan bon direksyon an." Li ajoute ke CARICOM ap travay ak patne li yo pou asire ke nempot ki sa yo deside fe pral amelyore lavi pep Ayisyen an.

Premye Minis Beliz, Juan Antonio Briceno pale ak VOA Kreyol pandan rankont lide CARICOM yo nan Nassau, Bahamas, 17 Fevriye 2023.
Premye Minis Beliz, Juan Antonio Briceno pale ak VOA Kreyol pandan rankont lide CARICOM yo nan Nassau, Bahamas, 17 Fevriye 2023.

Premye Minis Beliz limenm, Juan Antonio Briceno di VOA yo gen entansyon ogmante kontak yo ak Ayiti.

"Nou pral envite yon seri moun nan La Jamayik pou tanmen pwosis asistans pou oganize eleksyon. Premye Minis (Ariel Henry) endike li vle patisipe nan pwosesis sa a.

Briceno di yo te pale ak Premye Minis Trudeau tou, e ke pou yomenm, premye travay ki pou fet la se takle ensekirite a, pou ka gen kondisyon pwopis pou eleksyon dewoule.

XS
SM
MD
LG