Accessibility links

Breaking News

Lidè CARICOM yo Dakò pou Entèdi Gwo Zam Fann Fwa yo


Rankont lide CARICOM yo nan peyi Trinidad, kote yo tap diskite sou krim ak zam, 18 Avril 2023.
Rankont lide CARICOM yo nan peyi Trinidad, kote yo tap diskite sou krim ak zam, 18 Avril 2023.

Lidè Kominote Karayibeyen an, CARICOM dakò sou yon plan ki vize entèdi gwo zam fann fwa lakay yo - pou kwape pakèt zak vyolans ki ogmante nan rejyon an epi kontrebann zam sa yo nan 15 peyi manm yo.

Desizyon an pran byen ta Madi nan fen yon rankont o somè ki te dire 2 jou nan Trinidad kote yo tap diskite sou krim.

Rankont lide CARICOM yo nan peyi Trinidad, kote yo tap diskite sou krim ak zam, 18 Avril 2023.
Rankont lide CARICOM yo nan peyi Trinidad, kote yo tap diskite sou krim ak zam, 18 Avril 2023.

Lidè yo ta mete an aplikasyon entediksyon - atravè yon melanj egzijans lisans epi lwa.

Lidè CARICOM yo te oganize yon rankont sou kestyon an apre plizyè gouvènman te plenyen pou di gen yon gwo ogmantasyon nan zak vyolans gang yo - akoz zam fann fwa otomatik, nan stil militè yo konn sèvi ap antre lakay yo anbachal soti Ozetazini pou pi fò.

XS
SM
MD
LG