Accessibility links

Breaking News

Pentagòn di alye yo pral ini pou moutre Ikrenyen pilote Avyon F-16, men li avèti avyon yo pa yon "solisyon majik"


F-16 fighter jets at Fighter Wing Skrydstrup
F-16 fighter jets at Fighter Wing Skrydstrup

WASHINGTON (AP) — Sekretè Defans Lloyd Austin di ke alye Ewopeyen yo pwal fè tèt ansanm pou devlope yon pwogram kote yo pwal antrene fòs Ikrenyen nan pilote avyon de gè F-16.

Men, lidè Pentagòn nan avèti se pral yon travay ki koute chè e ki konplike epi li di ke F16 yo pa pwal pote yon solisyon majik nan lagè a.

Austin di alye yo rekonèt ke anplis fòmasyon, Ikrèn ap bezwen tou kapab fè antretyen nan avyon yo epi gen ase minisyon pou yo.

XS
SM
MD
LG