Accessibility links

Breaking News

Japon adopte nouvo sanksyon kont Larisi, e l kritike antant pou deplwaman zam nikleyè nan Byelorisi


FILE - Chief of Cabinet Secretary Hirokazu Matsuno in Tokyo, Japan, October 4, 2021.
FILE - Chief of Cabinet Secretary Hirokazu Matsuno in Tokyo, Japan, October 4, 2021.

TOKYO (AP) — Japon apwouve plis sanksyon kont Larisi poutèt lagè li ap mennen kay vwazen li Ikrèn, e nan sanksyon sa yo li jele byen plizyè douzèn moun ak gwoup epi li entèdi peyi li ekspòte bay òganizasyon Ris machandiz ki gen rapò ak lame.

Prensipal Sekretè kabinè a, Hirokazu Matsuno, di jounalis yo ke desizyon kabinè a pran Jedi a montre ke Japon ann akò ak lòt peyi yo nan gwoup G7 la ki te antann yo nan somè semèn pase a nan Iwochima pou ranfòse sanksyon yo kont Larisi.

Matsuno kondane tou akò Larisi siyen ak Byelorisi Jedi a pou apwouve ofisyèlman deplwaman zam nikleyè taktik nan Minks, bagay ki, dapre Japon, pwal ogmante tansyon yo.

XS
SM
MD
LG