Accessibility links

Breaking News

Larisi ak Byelorisi siyen yon kontra pou deplwaye zam nikleyè taktik nan Minsk


Belarus Russia
Belarus Russia

TALLINN, Estoni (AP) — Larisi ak Byelorisi siyen yon antant ofisyèl pou Larisi deplwaye zam nikleyè li nan Byelorisi.

Kontwòl zam yo ap rete nan men Moskou.

Otorite nan 2 peyi yo di jedi se konpòtman kòk batay Lwès la ki pouse yo pran desisyon sa.

Yo pa bay okenn detay pou konnen ki lè deplwayman zam yo pral fèt, men Prezidan Ris Vladimir Putin te di deja ke konstriksyon enstalasyon depo pou zam nikleyè taktik nan Byelorisi ta dwe fini 1ye Jiyè pou pita.

Lidè opozisyon nan Byelorisi ki ann egzil Sviatlana Tsikhanouskaya kondane mouvman an ki, li di, ta "plis mete an danje sekirite Ikrèn ak tout Ewòp la."

Larisi te itilize teritwa Byelorisi deja kòm tèritwa pou anvayi vwazen Ikrèn e li te kenbe la yon kontenjan twoup ak zam.

XS
SM
MD
LG