Accessibility links

Breaking News

O Brezil, Mozole Pele a Louvri pou Piblik la


Tonbo defun vedet foutbol Brezilyen Pele nan mozole Necropole Ecumenica nan Santos, Brezil 15 Me 2023.
Tonbo defun vedet foutbol Brezilyen Pele nan mozole Necropole Ecumenica nan Santos, Brezil 15 Me 2023.

Mozole yo konstwi nan simityè vètikal Santos la pou sèkèy lo Pele a louvri pou piblik la kounyea.

Mozole a sitye nan 2èm etaj simityè a ki tou pre vil Sao Paulo. Li akeyi fanatik yo ak 2 stati lo Pele. Pakè a fèt ak zèb atifisyèl; imaj ki sou miray yo se fanatik nan yon stad, epi gen anrejistreman gwo bravo ak felisitasyon kap jwe sanzarè, tankou si Pele tap jwe toujou.

Plafon an limenm ble.

Yo te antere Pele la 3 Janvye pase a, 5 jou apre li te mouri ak kansè nan kolon a laj de 82 zan.

Youn nan pitit gason Pele yo, Edson Cholbi do Nascimento deklare "li gen esans de sa misye te ye."

XS
SM
MD
LG