Accessibility links

Breaking News

New Mexico: Yon Nonm Ak Zam Fiziye 3 Moun


New Mexico Shooting
New Mexico Shooting

FARMINGTON, N.M. (AP) — Chèf lapolis Farmington, nan eta Nouvo Meksik di ke yon nonm ki gen 18-zan tire e touye 3 moun ak blese 6 lòt. Dapre otorite yo li te kòmanse tire sou tout sa ki sou wout li tankou machin ak kay ki nan katye a.

Kèk minit apre lapolis te rive sou sèn nan e yo te tire sispè a .

Yon ofisye lapolis Farmington te blese nan fiziyad la, yo te trete li nan yon lopital epi voye l lakay li.

Yon lòt ofisye lapolis eta a te blese tou e li rete lopital nan yon kondisyon ki estab.

Chèf lapolis la Steve Hebbe di sanble nonm lan te tire omwens twa zam pandan atak la, pami yo yon "fizi AR-style," pandan li te ap tire nan katye sou tout sa li jwenn sou wout li pami yo kay ak machin.

Lapolis ap eseye dekouvri motif atak sila.

XS
SM
MD
LG