Accessibility links

Breaking News

Yon Banlye Dallas, Texas ap Pote Dèy pou 8 Moun ki Mouri nan yon Fiziyad


Moun leve men yo pandan yap kite yon sant acha apre nouvel ki di gen yon fiziyad ki dewoule andedan an, Samdi 6 Me 2023 nan Allen, Texas.
Moun leve men yo pandan yap kite yon sant acha apre nouvel ki di gen yon fiziyad ki dewoule andedan an, Samdi 6 Me 2023 nan Allen, Texas.

Yon lot kominote Ameriken an dèy Dimanch pou viktim yon fiziyad. Fwa sa a se yon kominote nan zon Dallas ki sible. Dapre lapolis yon nèg ak zam tire sou moun nan yon sant acha.

Gen 8 moun ki pèdi lavi yo e 7 lot blese Samdi nan yon banlye ki rele Allen. Lapolis te tire e touye bandi a.

Pastè John Mark Caton ki preche nan legliz Cottonwood Creek a yon distans kèk kilomèt ak sant acha a. Pastè a te ofri yon priyè espesyal pou viktim yo, serkouris yo, moun ki tap achte epi anplwaye ki te "konstate bagay yo pat janm dwe wè."

XS
SM
MD
LG