Accessibility links

Breaking News

Konsèy Sekirite Nasyonzini "Enkyete Anpil" sou Sitiyasyon Ayiti


UKRAINE-CRISIS/UN-LAVROV
UKRAINE-CRISIS/UN-LAVROV

Konsèy Sekirite Nasyonzini an di Lendi li "enkyete anpil" pou sitiyasyon ki ap vin pi mal ann Ayiti, akoz vyolans gang ame yo, kote li fè wè tou jan sekretè jeneral la kontinye ap lanse apèl pou mande yon fòs entènasyonal pou Ayiti.

"Manm yo nan Konsèy Sekirite a gen gwo kè-sote pou sekirite ak sitiyasyon imanitè a ki ap vin pi grav ann Ayiti," se sa ki di nan yon deklarasyon ke konsèy la pibliye lendi.

Yo "kondane ogmantasyon zak vyolans yo, aktivite kriminèl ak vyolasyon dwa moun ki twouble lapè, estabilite ak sekirite pou Ayiti ak rejyon an".

Deklarasyon an pale sitou de zak kidnaping, vyolans seksyèl, trafik moun, ekzekisyon abitrè ak enskripsyon timoun nan gwoup ame. Konsèy la mande "pou moun ki responsab krim sa yo parèt devan lajistis".

Konsèy la pale tou de wòl li nan rejim sanksyon ki la depi mwa oktòb ane pase, ki vize lidè gang yo. Men, sanksyon sa yo pou kounye a vize sèlman yon grenn moun, Jimmy Cherizier, ke tout moun konnen sou non "Barbecue".

Nan kontèks sa a, manm yo nan Konsèy Sekirite a konsidere dènye rapò Sekretè Jeneral Antonio Guterres ki repete apèl pou voye yon fòs lame entènasyonal espesyalize ann ayiti, men ki pa soti nan Nasyonzini, pou ede fòs polis Ayiti a mete lòd nan sityasyon an.

XS
SM
MD
LG