Accessibility links

Breaking News

Atak ak swadizan Dronn sou Kremlin an: Lavrov akize Etazini ak Ikrèn kòmkwa yo ap fè "manti" sou Dosye a


India Central Asia Forum
India Central Asia Forum

Minis Zafè Etranje Ris Sergei Lavrov di: "Ikrenyen ak Lwès gen gwo repitasyon kòm mantè," pandan Washington ak Kyèv di ke yo pa gen okenn anyen pou wè ak atak dronn Ikrenyen ki fèt sou Kremlin an semèn sa a.

Lavrov te pale ak laprès sou dosye sa pandan li t ap vwayaje pou ale nan peyi End, kote li di: "Si ou kwè ke, paske Etazini ak Ikrèn kouri pran devan pou di se pa yo ki fè zak sila, sa pwal chanje sa nou kwè a, pa gen sa pyès."

XS
SM
MD
LG