Accessibility links

Breaking News

Chèf Wagner a Menase pou li Wetire Twoup li nan Bakhmut


The founder of the Wagner private mercenary group, Yevgeny Prigozhin, makes a statement in an undisclosed location in this still image taken from video released May 5, 2023.
The founder of the Wagner private mercenary group, Yevgeny Prigozhin, makes a statement in an undisclosed location in this still image taken from video released May 5, 2023.

KYIV, Ikrèn (AP) — Chèf gwoup paramilitè Wagner a ki ap mennen yon gwo konba nan Bakhmut, nan lès Ikrèn, menase pou l retire twoup li sou chan batay yo nan semèn ki ap vini an.

Li akize kòmandman militè Larisi a Vandredi kòmkwa li pa ba li ase minisyon, sa ki lakoz fòs li yo pa ka goumen.

Yevgeny Prigozhin, yon milyonè ki trè popilè ki gen bon relasyon ak Prezidan Ris Vladimir Putin depi lontan, di ke Wagner te gen plan pran Bakhmut pa pita ke 9 me kap vinn la.

9 Me a se yon gwo fèt kote Larisi make defèt Almay Nazi a nan Dezyèm Gè Mondyal la.

Men, Prigozhin te di ke fòs li yo pa jwenn ase minisyon pou pyès kanno nan men lame ris la depi Lendi.

Prigozhin te deja fè reklamasyon sa yo e li te fè menas deja, men li pako janm aji sou yo.

XS
SM
MD
LG