Accessibility links

Breaking News

Etazini Ap Mete Sant Refijye nan Peyi Gwatemala ak Kolonbi


USA-IMMIGRATION/MEXICO
USA-IMMIGRATION/MEXICO

Etazini pral mete ofisye ki resevewa fòmasyon espesyal sou dosye azil nan nouvo sant refijye li tabli nan Gwatemala ak Kolonbi, Sekretè Depatman Sekirite Enteryè Alejandro Mayorkas di repòtè yo jedi 27 Avril la ke Washington ap chèche kreye nouvo chimen legal pou migran yo.

Anons sa a fè pati yon seri aksyon administrasyon Prezidan Joe Biden nan pou abòde sityasyon kote ka gen yon pi gwo vag imigrasyon ilegal lè yo leve 11 Me ki ap vini restriksyon COVID-19 yo ki an plas depi ane 2020.

Dapre Mayorkas, sant refijye yo pral pi gwo, men yo espere trete ant 5,000 ak 6,000 dosye pa mwa pou koumanse.

Chèf Depatman Sekirite Enteryè a eksplike ke pwosesis legal pwogram “Pawòl” la ke administrasyon an te tabli pou peyi Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela, yo ap toujou kontinye e ke moun ki pral anba depòtasyon e ki ap diskalifye pou pwogram sa se antwòt migran ki chache vini sou lanmè e ke otorite yo bare pou yo pa antre nan peyi a.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG