Accessibility links

Breaking News

Pewou deklare Eta Dijans sou Fwontyè li pou Bare Migran


Venezuelan migran
Venezuelan migran

Prezidan Pewou a deklare yon eta dijans sou fwontyè peyi a, e li bay lòd pou deplwaye lame a pou ranfòse pòs kontwòl yo e bare migran k ap vwayaje soti nan peyi Chili.

Plizyè santèn migran ki tap viv Chili, sitou ki soti Ayiti ak Venezyela, dapre Nasyon Zini, ap eseye kite peyi a e yo bloke depi plizyè semèn sou fwontyè a ant vil Arica nan nò Chili ak vil Tacna nan sid Pewou.

Pandan Chili ranfòse kontwòl sou migran ki ap antre lakay li, anpil moun di ke yo vle retounen lakay yo nan Chili oswa ale plis nan nò nan direksyon Etazini.

Gouvènman peyi Pewou a deja voye 200 polis kòm ranfò pou laplis nan pòs fwontyè li yo, pou kwape krim transnasyonal.

Mèkredi, Prezidan Dina Boluarte te fè konnen gouvènman an pwal deplwaye sòlda yo pou ede ranfòse travay lapolis nan alantou fwontyè peyi a ak Chili, Bolivi, Brezil, Ekwatè ak Kolonbi.

Li di laprès : "Lapolis nasyonal la pral mentni lòd andan peyi a ak sipò fòs ame yo".

Gouvènman an pa presize kisa eta dijans la ta genyen kòm restriksyon sou libète sitwayen yo ak libète piblik, oswa konbyen tan li ta rete an plas.

XS
SM
MD
LG