Accessibility links

Breaking News

Kadav 17 Migran peyi Gwatemala ki te mouri nan dife nan sant migran Meksiken yo retounen lakay yo


Guatemala Migrants
Guatemala Migrants

Kadav 17 migran peyi Gwatemala ki te mouri nan yon dife ki te pran nan yon sant detansyon pou migran nan Meksik retounen lakay yo madi 11 Avril la.

Yon avyon fòs aeryen Meksiken te ateri nan vil Gwatemala ak kadav 17 sou 40 imigran ki mouri yo.

Yo te pèdi lavi nan yon dife ki te pran nan yon sant migran nan vil fwontyè Ciudad Juarez 28 mas pase.

Prezidan Meksik la Andres Manuel Lopez Obrador te di Madi imigran yo pa t ap ka kapab chape anba dife a paske moun ki gen kle selil yo a pa t disponib.

Epitou nan Madi, avoka gouvènman yo nan Meksik te lanse aksyon kriminèl kont kèk gwo otorite imigrasyon, dapre biwo Minis Jistis la.

Gen ladan yo chèf Enstiti Nasyonal Migrasyon Meksik la, Francisco Garduno, ak Salvador Gonzalez, ki se pi gwo reprezantan ajans lan nan eta Chihuahua nan nò Meksik ki se zòn kote dife a te pran an, dapre 2 sous ki abitye ak sijè a.

Yo te arete 5 moun anrapò ak ensidan an, pami yo kèk ajan Enstiti Nasyonal Migrasyon, ak yon gad sekirite prive.

XS
SM
MD
LG