Accessibility links

Breaking News

Plizyè Santèn Migran Bloke Sou Fwontyè Pewou ak Chili


Venezuelan migran
Venezuelan migran

SANTIAGO, Chili (AP) — Yon kriz migrasyon sou fwontyè ant Chili ak Perou ap vin pi grav, kote plizyè santèn migran bloke, kidonk yo pa kapab travèse soti Chili pou antre nan peyi Pewou nan yon efò pou retounen nan peyi lakay yo Venezyela.

Pifò migran yo se Venezyelyen ki ap chèche antre Pewou pou fè wout pou rive nan peyi lakay yo men Pewou pa kite yo antre paske yo pa gen dokiman legal.

Otorite nan vil Arica nan nò Chili, sou fwontyè ak Pewou, lanse yon eta dijans jedi.

Pandan migran yo bloke sou fwontyè ant 2 peyi Amerik di Sid yo, yo ap fè fas ak yon klima ki malouk akoz dezè Atacama a, kote li fè cho anpil lajounen e frèt anpil lannwit.

Kèk nan yo sèvi ak dra pou yo fòje tant men yo pa gen aksè ak dlo ni lòt sèvis debaz yo.

XS
SM
MD
LG