Accessibility links

Breaking News

Ansyen prezidan Pewou a Pase Premye Nwit li Nan Prizon Nan Yon Katye Nan Kapital la ‘Lima’


PERU-POLITICS/TOLEDO
PERU-POLITICS/TOLEDO

Ansyen prezidan peyi Pewou Alejandro Toledo pase premye nwit li nan prizon nan yon katye nan kapital la, Lima, apre Etazini te ekstrade li dimanch 23 avril 2023 a sou demann gouvènman Pewou a.

Ansyen prezidan an anba akizasyon kòmkwa li ta resevwa anba tab 20 milyon dola pou pipiti nan men konpayi konstriksyon wout brezilyen Odebrecht an retou pou fè l jwenn kontra konstriksyon wout nan peyi a.

Li kapab pase 20 lane nan prizon si lajistis jwenn li koupab. Ansyen Prezidan Pewou Alberto Fujimori ak Pedro Castillo nan prizon tou pou koripsyon. Ansyen Prezidan Alan Garcia te tire tèt li nan lane 2019 e al mouri lopital pou yo pat arete l pou menm koz la.

XS
SM
MD
LG