Accessibility links

Breaking News

Yon Tranblemanntè Magnitud 6,8 Koze Dega nan Ekwatè, Pewou


Sekouris kanpe bo kote yon machin ki kraze anba debri yon tranblemannte ki frape Cuenca, Ekwate, Samdi 18 Mas, 2023.
Sekouris kanpe bo kote yon machin ki kraze anba debri yon tranblemannte ki frape Cuenca, Ekwate, Samdi 18 Mas, 2023.

Yon tranblemanntè ki souke Ekwatè ak Pewou touye omwens 15 moun epi blese plizyè santèn moun.

Sekous la, ki frape Samdi te gen yon puisans apepre 6,8 sou nechèl Richter la e li te kraze kay ak bilding nan divès kominote soti depi nan kot la pou rive nan morn yo.

Sepandan nan Ekwatè anpil nan kay ki andomaje yo gen yon pwen komun: yo ansyen anpil epi sitye nan katye defavorize yo. Otorite yo di kay sa yo kat konfome yo ak kod konstriksyon ki mandatwa pou peyi sa a ki siseptib a tranblemanntè.

Juan Vera di gouvènman an ofri pou l peye pou fineray 3 paran. Men li mande poukisa otorite yo te kite yo viv nan kay kote yo mouri a.

Pap Franswa ofri lapriyè Dimanch pou viktim yo.

XS
SM
MD
LG