Accessibility links

Breaking News

Yon Lòt Goudou-Goudou Frape Zòn Fwontyè Tiki ak Siri


Aftermath of the deadly earthquake in Adiyaman
Aftermath of the deadly earthquake in Adiyaman

Yon lòt goudou-goudou frape zòn fwontyè ant Tiki ak Siri lendi, kote li touye 3 moun pou pi piti e blese plis pase 200 lòt, pandan peyi a ap kouri sou 3 semèn depi yon kokenn soukous te detwi lavi preske 46-mil moun.

Tranblemanntè lendi a te gen yon pwisans 6.4 e te santre nan bouk Defne, nan pwovens Hatay nan Tiki, yon zòn ki te sibi move dega nan soukous 6 Fevriye a.

Moun te santi nouvo soukous la nan plizyè peyi, pami yo Siri, Jòdani, Liban ak Ejip, e apre sa te gen yon lòt ki te gen yon fòs 5.8.

Yon rezidan Gaziantep, Zeynep Deveci, di LaVwadlamerik li te fèk tounen lakay li apre soukous 6 Fevriye a. « Mwen fèk tounen ayè, e jodia mwen nan lari ankò. Nou pa konnen ki lè sa ap fini.”

Yon lòt kote, moun nan Ghana nan tristès apre yo fin resevwa kadav vedèt football peyi a, Christian Atsu, ki te gen 31 lane, ki rive lakay li dimanch la, apre li te fin pèdi lavi l nan tranblemanntè 6 Fevriye a nan Tiki.

XS
SM
MD
LG