Accessibility links

Breaking News

Proud Boys, Konsidere Tèt Yo Kòm "Lame Trump"


FILE - Proud Boys leader Henry "Enrique" Tarrio wears a hat that says The War Boys during a rally in Portland, Ore., on Sept. 26, 2020.
FILE - Proud Boys leader Henry "Enrique" Tarrio wears a hat that says The War Boys during a rally in Portland, Ore., on Sept. 26, 2020.

WASHINGTON (AP) — Yon avoka gouvènman ameriken an di lidè Proud Boys yo ki anba akizasyon nan konplo pou anplwaye vyolans pou kenbe Donald Trump sou pouvwa a te wè gwoup ekstremis ekstrèm dwat la kòm "lame ansyen prezidan an."

Yon jiri nan Lendi te kòmanse tande diskisyon pou jijman ansyen prezidan Proud Boys Enrique Tarrio ak 4 lyetnan li.

Tarrio sou lis moun ke Depatman Jistis plis vize nan kad ankèt pou zak briganday ki te fèt nan Kapitòl la nan dat 6 janvye 2021 an.

Youn nan avoka Tarrio yo espere adrese jiri a Madi kote jijman an ap kontinye pou yon dezyèm jounen ak pòt fèmen.

Avoka defans yo di pa gen okenn prèv ki moutre yon konplo oswa yon plan pou Proud Boys atake Kapitòl la.

XS
SM
MD
LG