Accessibility links

Breaking News

Etazini: Sèvis Patwouy Otowout Eta Ohio Elimine Yon Nèg Ame ki te Vize Biwo FBI nan Cincinnati


Suspect attempts attack on FBI building in Ohio
Suspect attempts attack on FBI building in Ohio

Sèvis Patwouy sou Otowout nan Eta Ohio fè konnen yon nèg ame ki te chache travèse liy sekirite pou antre nan biwo FBI nan vil Cincinnati tonbe mouri anba bal lapolis apre li te kouri soti nan biwo a e angaje nan yon konfwontasyon ki te dire plizyè èd-tan.

Yon dirijan fòs lòd fè konnen anketè federal ap ekzaminen si mesye a, ke yo idantifye kòm Ricky Shiffer, ka te gen koneksyon ak kèk gwoup ekstremis ekstrèm-dwat, pami yo Proud Boys. Otorite a di kèk moun kwè Shiffer te nan Washington nan jou yo ki te Mennen nan revòlt 6 Janvye 2021an e ke li ka te prezan nan Capitol la nan jou atak la. Responsab la pa te ka bay detay sou ankèt la an piblik e li te pale sou kondisyon pou non li pa site.

XS
SM
MD
LG