Accessibility links

Breaking News

Jounalis Ameriken ke Ris yo te Mete Anba Kòd la Fè Konnen li ale ann Apèl kont Desizyon Tribinal la


Moscow court hears appeal by WSJ reporter Evan Gershkovich
Moscow court hears appeal by WSJ reporter Evan Gershkovich

Jounalis Ameriken Evan Gershkovich ki nan prizon pou zak espyonaj te parèt nan yon tribinal nan Moskou pou pote ann apèl ka kote li anba kòd sou akizasyon espyonaj.

Jounalis la jwenn arestasyon li nan moman Kremlin an lage koukou wouj dèyè moun ki kont lagè a nan Ikrèn.

Jounalis la ansanm ak gouvènman ameriken an demanti akizasyon an avèk fòs.

Li se premye korespondan ameriken depi Lagè Frèt la ki jwenn aretasyon li nan Larisi pou swadizan espyonaj.

Sèvis Sekirite Federal Larisi a te arete jounalis la ki gen 31 an nan Yekaterinburg, e te akize l nan dat 29 mas kòmkwa li t ap eseye jwenn enfòmasyon klase kòm sekrè sou yon faktori zam Ris.

XS
SM
MD
LG