Accessibility links

Breaking News

Yon Anbasadè Ameriken ak yon Diplomat Ris Diskite sou Arestasyon Repòtè Ameriken an

This picture taken July 24, 2021, shows journalist Evan Gershkovich. A Wall Street Journal reporter, he has been detained in Russia for alleged espionage, Russian news agencies reported March 30, 2023, citing the FSB security services.

Anbasadè Ameriken an nan Larisi ak yon gwo diplomat Larisi te rankontre pou diskite sou arestasyon yon repòtè Wall Street Journal ke otorite ris yo te mete anba kòd semèn pase a pou zak espyonaj.

Ministè Afè Etranjè Ris la di ke Minis Zafè Etranje Adjwen Sergei Ryabkov te pale ak Anbasadè Lynne Tracy kote li ensiste sou "gravite akizasyon yo" ke jounalis Ameriken Evan Gershkovich genyen kont li.

Ministè a di Jedi ke "pale anpil” otorite ameriken yo ap fè sou arestasyon Gershkovich nan dat 29 mas la se yon tantativ "dezespere e ki pa gen sans" pou fè presyon sou otorite Larisi yo ak tribinal Moskou k ap tande ka a.

Sèvis Federal Sekirite Larisi a akize repòtè a ki gen 31 lane pou zak espyonaj apre li tap eseye jwenn enfòmasyon sekrè sou yon faktori zam Ris.

Jounal la demanti akizasyon yo.

XS
SM
MD
LG