Accessibility links

Breaking News

Larisi: Avoka Defans Repòtè Ameriken an Konteste Arestasyon li


UKRAINE-CRISIS/RUSSIA-WSJ
UKRAINE-CRISIS/RUSSIA-WSJ

MOSKOU (AP) — Yon tribinal nan kapital Ris la di avoka repòtè Ameriken jounal The Wall Street Journal ki te jwenn arestasyon pou swadizan zak espyonaj konteste arestasyon an.

Otorite yo nan Larisi te arete Evan Gershkovich semèn pase a nan Yekaterinburg.

Se premye fwa yon korespondan ameriken jwenn arestasyon sou akizasyon espyonaj depi Lagè Fwad la.

Jounal la te "demanti avèk fòs" akizasyon yo epi li mande pou yo lage jounalis li a.

Lendi, yon tribinal te di ke li te resevwa apèl ke avoka Gershkovich te depoze kont desizyon pou arete jounalis la.

Pa gen okenn dat ki fikse pou odyans pou tande apèl la.

XS
SM
MD
LG