Accessibility links

Breaking News

Blinken Di Larisi Mal Arete Repòtè WSJ la


FILE PHOTO: Handout image of reporter for U.S. newspaper The Wall Street Journal Evan Gershkovich
FILE PHOTO: Handout image of reporter for U.S. newspaper The Wall Street Journal Evan Gershkovich

BRUSSELS (AP) — Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken di li pa gen okenn dout ke Larisi te arete nan move kondisyon yon repòtè Ameriken ki ap travay pou The Wall Street Journal ke li akize pou espyonaj.

Men li di ke li poko detèmine ofisyèlman sou ki baz arestasyon Evan Gershkovich la fèt.

Sa ta ogmante enpòtans ka a pou gouvènman ameriken an.

Blinken repete apèl pou Larisi lage Gershkovich imedyatman.

Larisi akize Gershkovich pou espyonaj, yon akizasyon ke otorite Ameriken yo demanti.

XS
SM
MD
LG