Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Biden nan Di Yo Mal Arete Repòtè Wall Street Jounal la.


Reporter for U.S. newspaper The Wall Street Journal Evan Gershkovich
Reporter for U.S. newspaper The Wall Street Journal Evan Gershkovich

WASHINGTON (AP) — Administrasyon Biden nan detèmine ofisyèlman ke yon repòtè Wall Street Journal yo te arete nan Larisi sou akizasyon espyonaj rete anba kòd san rezon valab.

Deziyasyon sa a fè dosye Evan Gershkovich vin tounen yon priyorite pou gouvènman ameriken an e sa vle di yon biwo nan Depatman Deta pral pran tèt demach pou jwenn liberasyon li.

Sekretè Deta Antony Blinken anonse priorite sa Lendi, kote li di li kondane arestasyon an ak represyon Larisi ap fè sou medya endepandan.

Otorite Larisi te arete Gershkovich nan Yekaterinburg, katriyèm pi gwo vil nan Larisi, nan dat 29 mas.

XS
SM
MD
LG