Accessibility links

Breaking News

Ikrèn, Larisi Fè Echanj 200 prizonye

A still image, released by Russia's Defence Ministry, shows what it said to be captured Russian service personnel boarding a bus following an exchange of prisoners of war at an unknown location, in this image taken from footage released April 10, 2023.

KYIV, Ikrèn (AP) — Plis pase 200 sòlda Ris ak Ikrenyen retounen lakay yo nan yon boukantay prizonye ke 2 peyi yo te antann pou yo fè.

Ministè Defans Larisi a di ke 106 sòlda Ris jwenn liberasyon nan prizon Ikrenyen yo.

Andriy Yermak, chèf pèsonèl Prezidan Ikrenyen Vladimir Zelenskyy, di ke Larisi lage 100 prizonye Ikrenyen.

Anons la pa di si te gen entèmedyè ki te enplike nan antant sa ke 2 peyi te rive jwenn nan.

Yermak di nan yon deklarasyon ki parèt sou Telegram ke kèk nan sòlda Ikreneyn yo gen blesi grav ak maladi.

Li ajoute ke dènye echanj prizonye sa a nan lagè a ki la depi Fevriye 2022 pa te fasil. Li pa bay plis detay.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG