Accessibility links

Breaking News

Larisi : Yon Gwo Manm Opozisyon nan LaRisi Pral Pase 25 Lane nan Prizon Pou Trayizon


Russia Opposition
Russia Opposition

Yon tribinal Ris kondane yon gwo pèsonalite nan opozisyon an pou trayizon paske li te kritike piblikman lagè Moskou nan Ikrèn nan, konsa lajistis ba li santans 25 ane prizon.

Vladimir Kara-Murza, Jr. rejte akizasyon an e li di ke kondanasyon an se kòm yon pinisyon deske li te kanpe devan Prezidan Ris Vladimir Putin e li te konpare jijman an ak jan sa te konn fèt sou ansyen diktatè Sovyetik Josef Stalin.

Kara-Murza se yon aktivis ak jounalis ki te siviv 2 fwa atak pou anpwazonnen li, atak ke li te lage sou do Kremlin an.

Òganizasyon dwa moun ak kèk gouvènman oksidantal kritike vèdik la.

XS
SM
MD
LG