Accessibility links

Breaking News

Lavrov Vwayaje Brezil


Minis Afe Etranje Ris la, Sergey Lavrov rive nan Pale Itamaraty a nan Brasilia, Brezil, Lendi 17 Avril, 2023.
Minis Afe Etranje Ris la, Sergey Lavrov rive nan Pale Itamaraty a nan Brasilia, Brezil, Lendi 17 Avril, 2023.

Minis Afè Etranjè Ris la, Sergey Lavrov rive nan kapital Brezilyèn nan. Prezidan Brezil la, Luiz Inacio Lula da Silva lanse yon kanpay diplomatik ki vize tabli lapè nan Ikrèn. Kanpay sa a enève Kyèv ak l Oksidan.

Rankont ant Lavrov ak tokay Brezilyen li Mauro VIeira te fikse depi mwad Mas la, lè yo te fè chita tande pandan rankont Gwoup dè 20 an nan New Delhi, peyi End.

Yo te rankontre Lendi maten e, dapre sit wèb ministè afè etranjè a, yo tou le 2 pral fè chita tande ak Lula apremidi a.

Lula derefize voye zam bay Ikrèn pandan li pwopoze yon klib nasyon ki ta gen Brezil ak Lachin ladann pou aji kòm medyatè nan chita tande lapè ant Ikrèn ak Larisi.

XS
SM
MD
LG