Accessibility links

Breaking News

Klima: Lachin ak Brezil ankouraje peyi devlope yo kenbe pwomès finansye yo


တ႐ုတ္ျပည္ေဘက်င္းၿမိဳ႕ေတာ္က လူထုခန္းမေဆာင္ေနရာမွာက်င္းပတဲ့ သေဘာတူစာခ်ဳပ္လက္မွတ္ေရးထိုးပြဲအခမ္းအနားအၿပီး ဘရာဇီးသမၼတ Lula da Silva က တ႐ုတ္သမၼတ ရွီက်င့္ဖ်င္ကို လက္ဆြဲႏႈတ္ဆက္ေနစဥ္ (ဧၿပီ ၁၄၊ ၂၀၂၃)
တ႐ုတ္ျပည္ေဘက်င္းၿမိဳ႕ေတာ္က လူထုခန္းမေဆာင္ေနရာမွာက်င္းပတဲ့ သေဘာတူစာခ်ဳပ္လက္မွတ္ေရးထိုးပြဲအခမ္းအနားအၿပီး ဘရာဇီးသမၼတ Lula da Silva က တ႐ုတ္သမၼတ ရွီက်င့္ဖ်င္ကို လက္ဆြဲႏႈတ္ဆက္ေနစဥ္ (ဧၿပီ ၁၄၊ ၂၀၂၃)

Nan Peken prezidan Lachin ak Brezil rankontre Vandredi, kote yo met tèt yo ansanm pou yo lanse appel bay peyi devlope yo, pou mande yo kenbe pwomès yo te fè pou yo bay $ 100 milya dola chak ane pou ede peyi ki pi pòv yo konbat efè chanjman klima a.

"Nou kontinye wè ak anpil enkyetid ke peyi devlope yo pa respekte angajman sa a jis rive jounen jodi a », se sa ki di nan yon kominike ki parèt apre yon reyinyon ant Xi Jinping ak Luis Inacio Lula da Silva.

Kominike a kontinye pou di, "Nou ankouraje peyi devlope yo pou yo onore obligasyon finansye ke yo te pran pou ede konbat chanjman klima a. » Se an 2009 peyi devlope yo te pran angajman sa a ke yo janm respekte, dapre kominike a.

XS
SM
MD
LG