Accessibility links

Breaking News

Lula Deklare Brezil "Tounen" sou Sèn Entènasyonal la


Brazil's President Luiz Inacio Lula da Silva speaks during a ministerial meeting to celebrate the first 100 days of his government, in Brasilia
Brazil's President Luiz Inacio Lula da Silva speaks during a ministerial meeting to celebrate the first 100 days of his government, in Brasilia

Prezidan Luiz Inacio Lula da Silva ki ap fè yon vizit deta nan peyi Lachin deklare ke Brezil "tounen" sou sèn entènasyonal la.

Vizit la santre an pati sou lagè Larisi nan Ikrèn nan.

Lidè a ki gen 77 an te kòmanse vizit li a nan Shanghai, kote li te asiste nan maten enstalasyon ansyen prezidan zèl goch Brezil (2011-2016) Dilma Rousseff nan tèt bank BRICS la.

"Epòk kote Brezil te absan nan gwo desizyon mondyal yo fini. Nou tounen sou sèn entènasyonal la apre yon absans ineksplikab," se pawòl Lula da Silva.

Lula, yon gwo tèt nan pati goch brezilyen an, te pwomèt pou fè peyi li tounen bò tab « nouvo jeopolitik mondyal la ».

Nan Shanghai, li te gen yon pwogram chaje, ladann yon rankont ak pdg premye oto elektrik chinwa BYD, ak yon vizit nan sant rechèch jeyan konpayi teknoloji Huawei.

Pandan reyinyon li ak tokay li Xi Jinping nan Vandredi nan Peken, li gen pou pale antwòt sou konfli Ikrèn nan.

Yon pwen komen ant 2 peyi yo, sèke yo pa te enpoze sanksyon sou Larisi tankou jan peyi lwès yo fè l la.

XS
SM
MD
LG