Accessibility links

Breaking News

Batay Malouk Kontinye nan Soudan kote Omwen 97 Sivil Pèdi Lavi yo


Sudan
Sudan

KHARTOUM, Soudan (AP) — Moun nan Soudan rete fèmen andan lakay yo pou yon twazyèm jou, pandan ke lame peyi a ak yon fòs rival pwisan ap goumen nan lari kapital la ak lòt vil pou pran kontwòl peyi a.

Kantite sivil ki pèdi lavi yo nan batay feròs sa rive nan 97.

Batay anlè ak bonbadman ogmante jodi Lendi a nan kèk pati nan kapital la Khartoum ak nan vil Omdurman ki toupre.

Moun te tande katouch ki tap chante toupre katye jeneral lame a, pandan zòn nan te gen lafimen ki t ap moute nan syel la.

Lese-frape yo fè pati yon lit pou pouvwa ant chèf fòs lame a ak lidè yon fòs paramilitè.

XS
SM
MD
LG