Accessibility links

Breaking News

Moun Soudan Rete Lakay yo Pandan Batay Ant Fòs Zame yo Entansifye


Lafimen monte nan yon katye anba lavil Khartoum, kapital peyi Soudan, Dimanch 16 Avril, 2023.
Lafimen monte nan yon katye anba lavil Khartoum, kapital peyi Soudan, Dimanch 16 Avril, 2023.

Moun peyi Soudan rete lakay yo pou twazyem jounen youn apre lòt jodi Lendi a nan moman lame a ap goumen ak yon fòs rival puisan nan lari kapital la ak plizyè lòt vil pou kontwòl peyi a.

Gen 97 sivil ki pèdi lavi yo.

Sekrete Jeneral Nasyonzini, Antonio Guterres lanse apel pou yon seselfe.

"Mwen kondane ak tout fòs mwen batay kap dewoule Soudan, e mwen lanse apel bay lidè Fòs Zame Soudanèz yo ak Fos Sipò Rapid yo pou yo sispann goumen tou suit, retabli kalm, epi tanmen yon diyalòg pou rezoud kriz la. Sityasyon sa a deja lakoz yon pakèt moun mouri - pami yo sivil. Nempòt ki ogmantasyon nan vyolans la taka devaste peyi a ak rejyon an."

Atak ayeryen ak kout zam te entansifye Lendi nan kèk rejyon Khartoum, kapital la, ak nan vil Omdurman ki sitye tou pre a.

Moun te ka tande kout zam ap chante ozalantou katye jeneral lame a, epi lafimen ap soti nan zòn nan.

Ahmed, yon enjenyè kap travay Khartoum dekri eksperyans la.

" Mwen tap domi. Sanzatann mwen tande yon gwo bwi tankou bal, obu, mwen pat konnen sa l te ye.

Mwen paka kite kay mwen. Gen gwo danje deyò a. Lame a tout kote. Mwen pa konnen poukisa. "

Omwens 6 lopital nan kapital la oblije fèmen pòt yo akoz bagay la.

Nan peyi Japon kote lap asiste rankont o some G7 la, Sekrete Deta Etazini Antony Blinken di jounalis yo yap veye sityasyon an.

"Nap veye sityasyon an nan Soudan de pre. Nou pran kontak tou ak patnè nou yo nan mond arab la, an Afrik ak nan oganizasyon entènasyonal yo. Nou gn gwo kè sote pou baty kap dewoule a ak zak vyolans yo. Nou tout dakò fòk jeneral Burhan ak Hemeti pwoteje sivil yo ansanm ak etranje kap viv nan peyi a, pami yo anplwaye nou yo nan Soudan. Epi nou tout kwe gen yon bezwen ijan pou yon seselfe, yon retou sou tab negosyasyon an, epi pou reprann diskisyon ki te ba nou espwa ke Soudan tap gen yon gouvenman demokratik sivil yo dirije yon lot fwa ankò. Moun Soudan vle pou lame a tounen nan kazen ni. Yo vle demokrasi. Yo vle yon gouvenman sivil. "

Blinken te kanpe bò kote Sekrete Afe Etranje Britanik la, James Cleverly.

Goumen ant 2 fòs zame yo se yon lit fewòs pou pran kontwòl
pouvwa ant chèf fòs zame peyi a ak lidè yon fòs paramilitè.

Enfòmasyon pou repòtaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG