Accessibility links

Breaking News

Echanj Kout Zam Ant Lame Soudan ak yon Fòs Paramilite Puisan Lakoz Omwens 27 Moun Mouri


Lafimen vizib nan syel la nan yon katye nan Khartoum, peyi Soudan, 15 Avril 2023.
Lafimen vizib nan syel la nan yon katye nan Khartoum, peyi Soudan, 15 Avril 2023.

Lame Soudan ak yon fòs paramilitè puisan ap goumen nan yon batay fewòs nan kapital la ak lòt vil nan peyi a.

Yon gwoup doktè fè konnen omwens 27 moun mouri e plis pase 180 blese nan batay ant 2 fòs zame yo Samdi, kote yo te sèvi ak machin blende, mitrayèt epi atak ayeryen.

Batay la reprezante yon nouvo kou pou espwa moun te genyen pou yon tranzisyon demokratik. Sa soulve kè sote tou dèske konfli a taka vin pi grav pandan batay yo te kontinye Samdi swa.

Lese frape a se rezilta gwo tansyon ki te egziste nan mitan fos zame yo ak gwoup Sipò Fòs Rapid la. Tansyon sa yo te ranvwaye yon antant ki te deja ap trennen ak pati politik yo pou remte peyi a sou chimen ki va abouti nan yon tranzisyon demokratik.

XS
SM
MD
LG