Accessibility links

Breaking News
Azi

Etazini, Alye yo Patisipe nan yon Lòt Seri Egzèsis Militè ki Vize Kontre Menas Kore di Nò

Nan foto sa a ke Ministe Defans Kore di Sid pataje ak Lapres, bato de ge Sid Koreyen Yulgok Yi I (anba) ak bato de ge Ameriken USS Benfold, epi (anwo) Bato de ge Japone Atago patisipe nan egzesis milite konjwen, 17 Avril, 2023.

Etazini, Kore di Sid ak Japon patisipe nan egzèsis militè konjwen nan lanmè tou pre pèskil Koreyen an nan moman yap chache etann fòmasyon militè yo pou kontre menas Kore di Nò poze pou zòn nan ak misil nikleyè li yo.

Fòs naval Kore di Sid a di egzèsis militè ki dewoule nan lanmè Lendi te gen patisipasyon bato konba Aegis ki soti nan chak peyi.

Etazini ak Kore di Sid lanse separeman 5 jou egzèsis militè ayeryen ki gen patisipasyon 110 avyon konba.

Egzèsis militè sa yo taka soulve yon repons bò kote Kore di Nò.

Pyongyang kondane egzèsis militè Etazini ap fè ak alye li yo an Azi. Li di se yon envazyon Etazini ap pare, e ke li sèvi ak egzèsis sa yo kòm preteks pou akselere pwòp devlopman zam pa li.

XS
SM
MD
LG