Accessibility links

Breaking News

Kore di Sid Ap Eseye Anbarasman Li Apre Nouvèl Ki di Ke Etazini Te Espyone Kèk Responsab Sekirite


Pentagon Doc
Pentagon Doc

Gouvènman Kore di Sid te lite jodi lendi a pou li fè fas ak anbarasman politik ak diplomatik apre laprès ameriken te rapòte ke Etazini – ki se alye peyi a depi lontan – te espyone sou kèk gwo responsab sekirite nan Kore di Sid.

Akizasyon yo te parèt dimanch, lè journal New York Times te pibliye detay sou yon nòt Etazini ki te fwite, ki ta swadizan dekri diskisyon ki t ap fèt nan biwo prezidan an nan Kore di Sid pou konnen si y ap founi Ikrèn zam.

Nòt sa a rete nan kad yon pakèt dokiman sekrè lame ak sèvis ransèyman Etazini ki parèt sou medya sosyal san pèsonn pa konnen kouman yo fè rive la – sa ki kreye tèt fè-mal ak twou vid posib nan sekirite nasyonal pou Washington ak plizyè alye li.

Nan yon nòt pou laprès, prensipal pati opozisyon an nan Kore di Sid, Pati Demokrat la, kondane ensidan an kòm yon “vyolasyon klè” kont souverènte Kore di Sid e li reklame yon “konfimasyon klè” bò kote Etazini ke jan de akvite konsa p ap fèt ankò.

XS
SM
MD
LG