Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Fè Konnen li Teste yon Nouvo Misil Balistik Entè-kontinantal


북한은 16일 김정은 국무위원장이 참관한 가운데 대륙간탄도미사일(ICBM) ‘화성-17형’ 발사 훈련을 실시했다며, 다음날 사진을 공개했다.
북한은 16일 김정은 국무위원장이 참관한 가운데 대륙간탄도미사일(ICBM) ‘화성-17형’ 발사 훈련을 실시했다며, 다음날 사진을 공개했다.

Kore di Nò fè konnen li teste yon nouvo misil balistik entè-kontinantal, ki gen abreje ann angle ICBM, ki sèvi ak kabiran solid – e si sa gen konfimasyon, li ta bay Pyongyang kapasite pou li fè lansman pi rapid e ke moun plis paka prevwa ki vize Etazini.

Ajans Nouvèl ofisyèl Santral Koreyen fè konnen lidè Kim Jong Un te sipèvize jedi lansman misil Hwasong-18, ki, dapre sa li di, se ta yon gran pa nan efò pou peyi a dekouraje atak estratejik kont li, e mete l nan pozisyon pou li fè pi bon kont-atak.

Kim eksprime gwo satisfaksyon pou siksè sa a ki se yon mirak pou li, » dapre KCNA ki ajoute ke lènmi peyi a yo pwal fè fas kounye a ak « kè-sote ekstrèm, ak laperèz, sa ki ap fè yo regrèt ke yo te fè move chwa nan dezespwa. »

Sa fè lontan depi Kore di Nò te vle devlope ICBM ki sèvi ak kabiran solid, ki, an teyori, pi difisil pou advèsè tankou Etazini detekte e chache bloke.

Anvan sa, li te konn anbake kabiran likid, bagay ki pran plizyè èdtan e mande pou gen ekipman sofistike, e ke lòt peyi ka wè byen fasil etan nan lespas.

Kabiran solid la pi estab, e konsa misil yo tou pare ak kabiran, e tou yo pi fasil pou deplase nan lagè.

XS
SM
MD
LG