Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò lanse yon misil anba dlo ki gen kapasite nikleyè


North Korea fires missile
North Korea fires missile

Kore di Nò tire yon misil nan lanmè, dapre sa Chef Deta Majò lame Kore di Sid la fè konnen jedi 13 Avril.

Gad kòt Japon di tou ke Kore di Nò te tire sa ki sanble yon misil balistik.

Lansman an fèt 2 jou apre medya leta Kore di Nò KCNA te rapòte ke lidè Kim Jong Un te mande pou ranfòse kapasite peyi a pou dekouraje peyi ki ta vle fè lagè ak li, e fè sa yon fason "pi pratik" e pou li ka pi pare pou atake, nan efò pou kontrekare sa li rele mouvman agresyon ke Lèzetazini ap mennen kont li.

Kore di Nò kritike dènye seri egzèsis militè ant Etazini ak Kore di Sid kòmkwa y ap eskalade tansyon.

XS
SM
MD
LG